Rezime:
SOIL fonde an Ayiti nan 2006 kòm yon repons a bezwen ki idantifye pa kominote a, ki enkli aksè a sanitasyon, amelyorasyon sekirite manje, kreyasyon travay, epi bati yon pi bon anviwonman. SOIL se yon ONG ki anrejistre an Ayiti epi li se yon 501c3 nan Ozetazini. Sèvis SOIL ap bay kòm ONG, se ofri epi adrese bezwen sa yo nan yon pwosesis ekolojik pou transfome sa ki prezante yon pwoblèm sante piblik nan yon solisyon pou anviwonman an. Sèvis sanitasyon SOIL, ki se sèl opsyon sanitasyon ki byen jere nan Nò, enkli 2 modèl biznis ki konekte: sèvis twalèt ki se“EkoLakay”, epi yon pwogram “Konpostaj” pou trete dechè yo
Pou yon frè mansyèl, SOIL ofri yon sèvis twalèt ki rele “EkoLakay,” jiska prezan sèvis la gen pi plis pase 4600 fanmi nan zòn iben nan Nò Ayiti. Pou sèvis Ekolakay la, kliyan yo jwenn yon sistèm twalèt sèch ki fonksyone ak resipyan epi ki akonpanye pa yon sèvis koleksyon ki fèt regilyèman.
Tout dechè yo transpote nan yon sit trètman, kote li trete epi finalman transfòme nan yon konpòs ki swiv nòm ak estanda entenasyonal (OMS) pou elimine patojèn ki kapab prezan. Konpòs sa, ki rele ‘’ Konpos Lakay’’, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikòl la. SOIL ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li rive jiska 8000 kliyan nan avni an.
Direksyon SOIL vle avèti tout moun ke li genyen yon pòs vid nan biwo Limonad (Mouchinet) lap chache konble, tit pòs sa se Sipèvizè Operasyon Konpostaj
Tit Pòs la Nonb de pòs 1
Lokal Limonad (Mouchinet)
Dire Endetemine aprè Pwobasyon
Telefon Biwo : ****
Zòn entèvansyon : Depatman Nò Ayiti
Disponiblite : Tan plen
Dat piblikasyon 15 Septanm 2026
Dat limit :Jiskaske pòs la konble
Tach Prensipal:
Jeneral
• Byen konnen epi swiv tout endikasyon travay ak pwotokòl ki fèt ki genyen lyen ak responsablite pa’w.
• Responsab jesyon ekip Travayè Konpostaj la, tout planifikasyon aktivite diferan ke yo genyen pou fe nan sit konpostaj la, epi tout aspe jesyon pèfomans endividyel pou yo (evalyasyon, rankont regilyè).
• Patisipe nan tout reyinyon ki genyen lyen ak pwogram nan sou demann sipèvizè pa’w.SOIL Haiti
Sèvis Operasyon
• Planifye operasyon chak jou pou sit la dekonsè ak sipèvizè pa’w.
• Byen kominike avèk ekip pa’w diferan aktivite ki planifye pou semèn la.
• Idantifye kontrent ki genyen anndan operasyon ki anpeche pwotokol yo aplike, e pwopoze lide/plan pou rezoud sa.
• Enplemante pwojè konstriksyon ak amenajman sit mouchinèt.
• Idantifye bezwen nan diferan operasyon anndan sit la e kominike sa avèk sipèvizè pa’w.
• Pwopoze plan pou kapab rann operasyon konpostaj pi efikas.
Jesyon Done
• Asire done ki asosye ak tout aktivite nan sit la (operasyon, evantè, jounalye) antre atan, ke yo fyab, epi si genyen fason pou pote amelyorasyon sa yo kominike a Manadjè Konpostaj la pou swit nesesè.
• Pou done Taroworks (operasyon ak evantè), asire ke yo antre nan menm jou ke aktivite yo fèt epi ke telefon nan senkwonize. Si gen rezon ke sa pa fet, aveti sipevize’w.
• Fè verifikasyon rapo sou done ke ou antre pou asire ke yo korèk. Dekonsè ak Manadjè Konpostaj. Sa dwe fèt omwen 1 fwa pa semèn.
• Reyalize analiz sou done yo pou nou ka amelyore koleksyon done epitou pou amelyore operasyon nou yo.
Pwotokòl Operasyon
• Asire ke tout pwotokol pou sit la kominike a ekip la, enplimante, respekte, epi evalye chak 3 mwa.
• Soumet rekomandasyon a chanjman nan pwotokol yo a sipèvizè pa’w .
• Pran dezisyon nesesè pou kapab gide ekip pa’w pou swiv diferan pwotokòl yo (sanksyon, gratifikasyon).
Mentnans
• Asire enplemantasyon jesyon mentans prevantiv ak korektif pou machin elektwomekanik ak veyikil yo.
• Swiv kalandriye mentnans machin yo, aparey elektwomekanik ak veyikil ki sou sit la.
• Asire jesyon envantè zouti ak atik ki tlilize pou mentnans prevantiv ak korektif yo nou renouvle a tan.
• Travay an kolaborasyon ak responsab aparey elektwomekanik pou rezoud pwoblèm veyikil ki mande reparasyon.
Sipèvizyon
• Pòs sa sipèvize direkteman pa Manadjè Konpostaj laSOIL Haiti
Kritè
Fòmasyon ak Eksperyans
• Fomasyon nan inivèsite nan domèn Jesyon Administrativ ak Operasyon
• Eksperyans pwouve nan Sipèvizyon Ekip ak Jesyon Operasyon
• Bon sans lidèchip ak oganizasyon
• Bon kapasite kominikasyon, rapotaj oral ak ekri
• Kapasite pou travay sou presyon entèn ak ekstèn
• Bon aptitid nan zouti teknolojik (Excel ; word
• Aplikasyon mobil/web)
• Bon Kapasite analiz nan jesyon done
• Konn kondui motosiklèt/ak machin (se yon atou)
Pwosedi Rekwitman
Pou moun ki enterese nan pòs sa yo, Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:
o CV
o Kopi diplom etid
o 3 referans, omwen de (2) nan yo dwe yon referans pwofesyonèl.
Si’w wè ke’w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple voye yon imèl ak tout dokiman yo nan adrès sa: **** epi ekri tit pòs la (SOKO_002) nan objè imel la.