Tit Pòs la: Chaje Swivi - Evalyasyon Teren
Responsab Yerachik : Ofisye Swivi ak Evalyasyon Pwogram
Lokasyon : : Bonbadopolis`
Entwodiksyon
Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen san bi likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik li depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.
Misyon
Fondasyon Kolè Zepòl (FONKOZE) ap chèche rekrite yon (1) Chaje Swivi ak Evalyasyon Teren pou al travay nan komin Bonbadopolis. Chaje Swivi ak Evalyasyon an pral kontribye nan reyalizasyon aktivite swivi ak evalyasyon Fondasyon an pou pèmèt li atenn misyon l, tankou: fè antretyen endividyèl oswa an gwoup, verifye done, ansanm ak redije istwa siksè yo.
Aktivite Prensipal
Aktivite Swivi ak Evalyasyon
• Entenveni nan fòmasyon anketè ekstèn sou teknik entèvyouve moun.
• Oryante anketè ekstèn yo sou teren a.
• Reyalize kolèk done odit selon enstriksyon OSE a.
• Reyalize entèvyou oswa fokis gwoup ak patisipan/lòt manm kominote, sou lidèchip OSE a
• Ekri istwa siksè yon manm Fondasyon oubyen yon patisipan nan pwogram Fondasyon sou lidèchip OSE a.
• Efektye tout lòt tach sipèvizè yerachik li mande ki nan domèn entèvansyon li.
• Ramase tout nati mesaj sou teren a e achemine yo a Ofisye redevabilite a.
Rapòtaj
• Redije rapò regilye ak presi sou aktivite yo mennen nan kad travay yo, selon enstriksyon OSE a.
Vide bwat mesaj fondasyon nan zòn li afekte a e rapòte tout obsevasyon a OSE e Ofisye redevabilite
Fòmasyon ak eksperyans :
• Bac + 2.
2 lane Eksperyans pètinan nan ankèt teren, sezi ak kolèk done oswa nan domèn asistans sosyal.
Konesans :
• Konn sèvi ak aparèy elektwonik tankou telefòn entèlijan, tablèt.
• Konn sevi ak lojisyel Cloud tankou Dropbox, Google Drive, OneDrive
• Teknik entewogasyon
Aptitid ak Kapasite :
• Atansyone o detay
• Kapab abode moun li pa konnen
• Kapab kominike byen nan lang kreyòl ak fransè.
• Bon kapasite redaksyon an kreyol
• Konpetans nan ekri rapò sou aktivite teren.
• Gen bon jan lespri inisyativ.
• Kapab travay anba presyon epi ak endepandans/òtonomi. • Ka pase yon bon bout tan nan yon zòn retire e prive de sèvis
• Diskresyon e respè dwa moun
Kontni dosye kandida a :
• Curriculum vitae
• Kopi sètifika ak papye travay (Se yon diplis)
• Lèt motivasyon
• De (2) referans pwofesyonèl
Kondisyon Travay la:
Pozisyon sa a ap pou yon dire detemine. Aktivite yo pral fèt nan komin Bonbadopolis. Se sèlman kandidati moun ki rezide nan zòn sa ki ap konsidere.
Dat limit pou nou resevwa dosye kandida yo se: 28 septanm 2026 à 11 è 45 PM, nan adrès elektwonik
N.B: Nou ankouraje kandidati fanm ak kandidati moun ki nan yon sitiyasyon andikap Fizik.
N.B: Tout kandida dwe ranpli fòm sa pou valide kandidati ou a.