Job Haiti Logo
Retour aux offres

Ajan Pèman Mobil – SOIL APM001

Sustainable Organic Integrated Livelihoods (SOIL) Haïti, Nord Publié le 12 May 2026 Memploi

Description du poste

SOIL

SOIL se yon ONG ki fonde an Ayiti nan 2006 epi li travay pou ogmante aksè a yon fòm sanitasyon ki pozitif pou klima ak yon modèl ki pa selman amelyore sityasyon sante piblik men tou ki aji sou sekirite manje, devlopman ekonomik, e rezilyans ekolojik. Sèvis sanitasyon SOIL aktyelman ap bay plis pase 4200 fanmi nan depatman Nò a yon bon sevis sanitasyon lakay yo ki konekte ak yon sistem tretman ak transfomasyon. SOIL genyen plan pou agrandi sèvis li pou rive bay plis ke 8000 fanmi nan ane kap vini yo. SOIL se yon ekip 60+ moun ak ekspetiz nan plizye domèn ki enkli biznis sosyal, ekoloji, sanitasyon, sante piblik, agrikilti, finans, relasyon kominotè, maketing, e lot toujou.

Aprann pi plis sou travay nou nan www.oursoil.org.

TRAVAY AK NOU

SOIL ap chèche yon Ajan Pèman Mobil pou li ka kolabore ak manm ekip Vant pou fasilite tranzisyon koleksyon frè mansyèl kliyan EkoLakay yo a pèman mobil.

Tit Pos : Ajan Pèman Mobil

Lokal Pos: Okap-Ayisyen

Tip Kontra: Kontra Plen tan pou yon dire 6 mwa

Dat Piblikasyon : 1 Me 2026

Dat Limit :15 Me 2026

Dat Komansman : 1 Jwen 2026 oswa pi bonè

TACH PRENSIPAL

Ajan Pèman Mobil genyen responsablite pou li travay pwòch a ekip Vant, anba sipevizyon Manadjè Vant, Pou ede nan pwosesis travèse kliyan EkoLakay yo soti nan metòd peman kash pou rive peye ak MonCash oswa, lè sa disponib pou SOIL, NatCash. Ajan Pèman Mobil ap deja genyen yon eksperyans an pwofondè nan itilizasyon MonCash ak lot fòm pèman mobil yo, epitou eksperyans travay sou teren ak popilasyon diferan. Ajan sa pral genyen devwa pou li travay ak Ajan Jesyon Kliyan diferan pou konprann kontèks ak pwoblèm ki lye ak zòn diferan epi monte ak egzekite yon plan pou kliyan komanse genyen abitid fe peman mobil.

Tach prensipal yo enkli:

• Travay dirèkteman ak chak AJK pou asire kliyan ki sou pòt fèy yo , genyen SIM ak kont nesesè pou reyalize pèman mobil(MonCash,Natcash elatriye).

• Bay kliyan yo fòmasyon pratik sou fason pou itilize platfòm pèman mobil yo ( depi ouvèti kont jiska reyalizasyon yon pèman regilye.)

• Idantifye epi devlope yon plan espesifik pou ede tout kliyan ki poko kapab itilize sèvis mobil yo pou fè tranzaksyon.

• Swivi ak gwoup kliyan nan zòn yo pou asire yo devlope bon abitid pèman mobil ki dirab.

• Ede kliyan ki gen pwoblèm ak kont yo (kont bloke, SIM pa anrejistre, elatriye) jwenn solisyon rapidman de konsè ak IT SOIL, reprezantan Digicel/MonCash ak reprezantan NatCom/NatCash yo.

• Pwopoze estrateji ke SOIL dwe itilize pou motive/ankouraje kliyan yo adopte epi kenbe abitid pèman mobil, ann akò ak direksyon Sipèvizè a.

• Asire distribisyon SIM ak enskripsyon nesesè pou tout kliyan ki bezwen antre nan sèvis peman mobil.

• Fè anrejistreman SIM sou non kliyan an, selon pwosedi ki etabli.

• Etabli epi kenbe lyezon dirèk ak kiyosk MonCash ak NatCash nan zòn yo pou rezoud pwoblèm kliyan yo rapidman.

• Disponib pou travay sou yon kalandriye fleksib (ki ka enkli wikenn oswa jou ferye) selon bezwen operasyonèl yo oswa demann sipèvizè w la.

• Swiv regilyèman to pèman mobil pou chak zòn ak chak AJK, epi voye pou sipèvizè pa’w yon rapò pou Semèn pase epi yon plan pou Semèn kap vini.

• Travay ak ekip Finans ak IT pou asire done pèman yo trake kòrèkteman nan sistèm lan.

• Nan mitan kontra (3 mwa) epi nan fen kontra (6 mwa), prezante travay ki reyalize pandan denyè peryod la ak leson ki aprann, rekomandasyon pou avanse pou tout ekip Vant lan.

• Lòt tach ke sipèvizè’w mande epi ke’w aksèpte.

SIPEVIZYON

Pòs sa sipèvize dirèkteman pa Manadjè Vant.

KRITE AK KALIFIKASYON

• Diplòm inivesitè nan maketin, jesyon, oswa yon lòt disiplin ki asosye

• Abilite nan pwosesis tranzaksyon Moncash ak Natcash.

• Abilite nan Microsoft Word ak Excel.

• Bon aptitid nan zouti teknolojik.

• Eksperyans nan travay Maketin ou nan jesyon sèvis kliyantèl.

• Abitye travay nan anviwònman ki mande pou pase anpil tan sou teren.

• Konn kondwi motosiklèt.

• Genyen yon lisans ki ajou.

FASON POU APLIKE:

Dosye yo dwe an Kreyol oswa Fransè epi enkli sèlman 2 bagay sa yo:

- CV

- Kontak pou 3 referans pwofesyonèl.

Nou ankouraje Fanm aplike pou pòs sa!

Comment postuler ?

Veuillez envoyer votre candidature (CV, lettre de motivation, etc.) directement à l'adresse email suivante : jobs@oursoil.org