Job Haiti Logo
Retour aux offres

Ajan Jesyon Kliyan – AJK006

Sustainable Organic Integrated Livelihoods (SOIL) Publié le 12 May 2026 Memploi

Description du poste

SOIL

SOIL se yon ONG ki fonde an Ayiti nan 2006 epi li travay pou ogmante aksè a yon fòm sanitasyon ki pozitif pou klima ak yon modèl ki pa selman amelyore sityasyon sante piblik men tou ki aji sou sekirite manje, devlopman ekonomik, e rezilyans ekolojik. Sèvis sanitasyon SOIL aktyelman ap bay plis pase 4200 fanmi nan depatman Nò a yon bon sevis sanitasyon lakay yo ki konekte ak yon sistem tretman ak transfomasyon. SOIL genyen plan pou agrandi sèvis li pou rive bay plis ke 8000 fanmi nan ane kap vini yo. SOIL se yon ekip 60+ moun ak ekspetiz nan plizye domèn ki enkli biznis sosyal, ekoloji, sanitasyon, sante piblik, agrikilti, finans, relasyon kominotè, maketing, e lot toujou.

Aprann pi plis sou travay nou nan www.oursoil.org.

TRAVAY AK NOU

Direksyon SOIL vle avèti tout moun ke li genyen yon pòs vid lap chache konble, tit pòs sa se Ajan Jesyon Kliyan

Tit Pòs la Ajan Jesyon Kliyan

Nonb de pòs:1

Lokal : Okap

Dire : Endetemine aprè pwobasyon

Telefon Biwo (509) 4212-3636

Zòn entèvansyon :Depatman Nò Ayiti

Disponiblite Tan plen

Dat piblikasyon : 2 Me 2026

Dat limit : 15 Me 2026

Dat komansman :1 jwen 2026

Tach Prensipal:

Sèvis Kliyantèl

• Responsab jesyon ak bon eksperyans kliyan EkoLakay yo depi nan Enstalasyon jiska fen kontra nan zòn pa’w.

• Asire lyezon ant Depatman Vant ak EkoLakay pou tout demann, chanjman twalèt, enstalasyon oubyen dezenstalasyon.

• Bati yon baz kliyantèl solid avèk ansyen epi nouvo kliyan EkoLakay yo.

• Responsab tout swivi pou rezolisyon plent kliyan yo.

• Vizite kliyan yo selon sa ki ekri nan Pwotokòl Jesyon Kliyan.

• Bay enfòmasyon konsènan sèvis EkoLakay sou teren, lè sa nesesè

• Asiste tout kliyan ki bezwen enfòmasyon/asistans nan sèvis la jwenn li.

• Asire tout kliyan ki enstale konprann chak atik nan kontra pa’l depi nan 1e mwa sèvis la.

• Travay pou kenbe 100% kliyan nan sèvis EkoLakay.

• Distribye kat Moncash a kliyan ki nesesite sa

• Fè swivi ak kliyan yo pou evite yo tonbe nan dèt epi koupe sèvis.

• Rele kliyan ki vle kraze kontra pou konnen rezon an e eseye konvenk yo rete toutotan sa posib

• Rele kliyan aprè rezolisyon plent ke ekip teknik fè pou asire kliyan alèz/satisfè

• Sansiblize kliyan EL sou enpòtans epi konsekans yon bon sanitasyon ak twalèt yap sèvi.

• Pote lide a Sipevizè’w ni ekip la an jeneral pou fason sèvis la dwe amelyore oswa adapte pou li ka ogmante satisfaksyon kliyan pa’w epi kenbe yon to retansyon ki wo.

Maketin e Vant

• Patisipe nan aktivite Maketin tankou maketin anbilan epi lòt daprè plan ak kalandriye ki fèt ak sipèvizè pa’w.

• Pandan aktivite maketin yo pran done moun ki enterese epi swiv yo jiskaske yo vin kliyan.

• Disponib e pare pou patisipe nan aktivite sou yon kalandriye fleksib (ki ka enkli jou ferye, jou wikenn) sou demann sipevizè w a.

• Aplike tout estrateji ak taktik Maketin Sipèvizè’w defini.

• Byen konnen tout enfòmasyon sou konpetitè nou e sou tout aktivite ke yap fè pandan ke wap rapòte yo nan moman ou jwenn yo.

Sipèvizyon

Pòs sa sipèvize direktèman pa Sipèvizè Ajan Jesyon Kliyan

Krite Ak Kalifikasyon

• Fomasyon Inivèsitè nan Maketin, Jesyon ak lòt etid ki sanble ak Maketin ou Jesyon

• Eksperyans travay nan Maketin oubyen nan Jesyon Sèvis Kliyantèl

• Abitye travay nan anviwonman ki mande pase anpil tan sou teren

• Abilite pou pwodui dokiman sou Word/Excel/PowerPoint

• Kapasite pou travay sou presyon entèn ak ekstèn

• Bon aptitid nan zouti teknolojik

• Konn kondui motosiklèt

• Lisans pou kondui moto

Pwosedi Rekwitman

Pou moun ki enterese nan pòs sa yo, Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:

o CV

o 3 referans, omwen de (2) nan yo dwe yon referans pwofesyonèl.

Dat final pou resepsyon dosye yo 15 Me 2026

N.B: Nou ankouraje fanm aplike pou pòs sa.

Comment postuler ?

Veuillez envoyer votre candidature (CV, lettre de motivation, etc.) directement à l'adresse email suivante : jobs@oursoil.org