Aller au contenu
J

ADMINISTRATÈ / RESPONSAB OPERASYON & ANIMASYON

Cap-Haïtien Publié le
Temps plein

Description de l'emploi

Pou ranfòse ekip nou an epi devlope aktivite nou yo, Marge Plus Bar ap chèche yon moun ki dinamik, kreyatif, responsab epi ki gen kapasite pou rasanble moun ak kreye yon bèl anbyans.

Misyon prensipal yo :

- Jere operasyon Bar &amp

• Restaurant la chak jou;

- Sipèvize epi kowòdone travay anplwaye yo;

- Asire bon kalite sèvis ak satisfaksyon kliyan;

- Kreye epi òganize aktivite regilyèman pou atire kliyan;

- Devlope nouvo lide pou kreye anbyans nan Bar la;

- Travay ak DJ, mizisyen, animatè ak lòt patnè pou aktivite yo;

- Fè pwomosyon aktivite yo sou WhatsApp, Facebook, Instagram, elatriye;

- Devlope yon rezo kliyan epi ankouraje kliyan yo retounen;

- Fè pwopozisyon pou ogmante kantite kliyan ak lavant;

- Prepare planifikasyon ak bidjè pou aktivite yo;

- Fè rapò sou aktivite yo ak rezilta yo.

Pwofil nou ap chèche a :

Nou bezwen yon moun ki:

- Gen bon kapasite kominikasyon;

- Sosyab epi fasil pou kreye relasyon ak moun;

- Gen kapasite pou rasanble moun;

- Kreyatif epi renmen òganize aktivite;

- Gen bon sans lidèchip;

- Dinamik, inisyativ epi kapab pran responsabilite;

- Konnen travay sou rezo sosyal yo;

- Gen eksperyans nan Bar, Restaurant, Hospitality, Event Management oswa yon domèn ki sanble;

- Kapab travay anba presyon epi jwenn solisyon rapid lè gen pwoblèm.

⭐ Yon avantaj espesyal :

Si ou gen yon bon rezo kliyan, ou konn òganize aktivite ki fè moun deplase, epi ou konnen kijan pou kreye yon kominote alantou yon Bar/Restaurant, nou vle tande pale de ou!

Lokalizasyon : Marge Plus Bar, Cité du peuple Cap-Haïtien

Pou aplike : Voye CV ou ansanm ak yon ti prezantasyon sou tèt ou ak eksperyans ou sou WhatsApp nan 40342007.

Dat limit pou aplike : dimanche 7 septembre 2026 à minuit

MARGE PLUS BAR

Nou pa sèlman vle sèvi kliyan — nou vle kreye yon eksperyans ki fè yo toujou anvi retounen.

Prêt(e) à postuler à cette offre ?

Transmettez votre candidature en quelques clics.

🚀 Voir sur Memploi